ESPÒ/KATA 2022: SELEKSYON NASYONAL LA KWÈ NAN YON REMONNTADA KONT EKIP KANADA A

_Seleksyon nasyonal la kwè li kapab elimine ekip Kanada a nan faz eliminatwa koup dimonn Kata 2022 a. Samdi 12 jen 2021 ki sot pase a, Ayiti te pèdi 1-0 match ale nan kad eliminatwa koup dimonn Kata 2022 an nan estad silvyo katò anfas seleksyon kanadayèn nan. Daprè deklarasyon jwè ak antrenè ekip ayisyen yo fè kit se nan laprès osnon sou kont rezo sosyal yo, yo kwè yo ka chanje done yo nan men ekip Kanada nan match retou a ki ap fèt madi15 jen 2021 nan aswè._

« Avèk ekip nou gen la a, nou ka souke kèlkeswa ekip ki nan zòn konnkakaf la », pawòl Jean Jacques Pierre anvan match Ayiti te pèdi samdi a. « Se pa yon ekip ki te pifò pase nou. Nou kapab jwe avèl « , deklare antrenè seleksyon an touswuit aprè rankont Kanada a nan estad la.

Amatè balon won yo, sitou sa k ap sipòte seleksyon nasyonal la kwè se ak mantalite gayan, pozitif sa Jean Jacques Pierre genyen an pou nou jwe match retou a. Pou n avanse nan eliminatwa a fòk nou elimine Kanada. Mantalite sa a se pa sèlman seleksyonè a ki genyen l nan ekip la. » N ap rete kwè. Nou p ap lage menm. Batay la poko fini. Kanpe goumen l ye. Grenadye alasoo », ekri Steven Saba, milye teren ekip la sou kont rezo sosyal li. Bò kote pa l, Ricardo Ade pa rete endiferan parapò ak gwo defi sa k ap tann seleksyon an.  » Rete kwè pandan pyès moun pa kwè nan ou. Sa w ap gade a se sèl ou ki wè l. Rèv ou genyen an se ou ki pou pwoteje l. Lè w tonbe aprann leve epi toujou gade devan », ekri Ricardo Ade.

Ekip foutbòl Ayiti a abitye fè gwo kichòy devan ekip Kanada a. Nan dènye konpetisyon ofisyèl 2 ekip yo te rankontre, Kanada te menm 2-0 sou ekip Ayiti alòske Grenadye yo te jwenn resous pou yo te mete Kanada deyò nan konpetisyon an aprè yo te fin bat li 3-2. Grenadye yo konn fè istwa. Yo kapab refè istwa. Yo abitye fè istwa.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …