AYITI/ KOWONAVIRIS: « ASTRAZENECA » DI VAKSEN YO A PA EFIKAS

Laboratwa ki pwodwi vaksen  » AstraZeneca », fè konnen jounen madi kenz (15) jen 2021 an, vaksen an pa efikas sou moun ki trape maladi kowonaviris la.

 » Esè ak vaksen AstraZeneca pa rive atenn bi prensipal yo, ki se te fè prevansyon ka kowonaviris yo ak tout sentom yo », se sa responsab yo deklare nan yon kominike jounen madi a.

Nou ap fè remake, vaksen « AstraZeneca » se laboratwa nan peyi Angletè ak Swèd ki mete tèt yo ansanm pou te pwodwi vaksen sa. Li bon pou nou raple, nan yon atik ki te sòti nan jounal ameriken « Miami Herald » nan mwa me a te fè konnen gouvènman ayisyen an te deja bay aval li pou vaksen sa.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …