LEMOND / KOWONAVIRIS : POU PI PITI TWA MILYON MOUN MOURI NAN KOWONAVIRIS .

Maladi Kowonaviris la ki te dekouvri ofisyèl nan peyi Lachin nan mwa Desanb 2019, te kòmanse pase estad epidemi ak pandemi nan lane 2020, lakoz pou pi piti twa milyon moun deja fè vwèl pou peyi san chapo nan mond lan.

Daprè yon atik ki sòti nan jounal Ajans Frans Près, kote yo fè konnen gen yon total 3 824 885 moun ki mouri nan maladi kowonaviris la ak 176 566 650 moun ki trape maladi, daprè chif ofisyèl otorite nan òganizasyon mondyal sante (OMS) mete disponib.

Pou sèlman ayè madi kenz (15) jen 2021 an, OMS anrejistre 10 607nouvo ka lanmò ak 374 411 nouvo ka kontaminasyon nan mond lan. Se pandan, òganizasyon mondyal sante ki tabli lis peyi ki gen plis moun mouri pandan dènye jou sa yo peyi End 2542 moun mouri, Brezil 2468 ak Kolonbi ki anrejistre 599 ka lanmò.

N ap fè remake, daprè inivèsite  » Jhons Hokins » Etazini anrejistre 600 285 ka lanmò ak 33 468 101 ka kowonaviris, sa fè li vini premye peyi nan mond lan ki resanse plis ka kowonaviris ak plis ka lanmò.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …