SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK E POPILÈ A DENONSE EPI VOYE JETE GOUVÈNMAN KOWABITASYON KI AN PREPARASYON AN.

_Sektè ki pote non Sektè demokratik e popilè a (SDP) denonse epi voye jete gouvènman ki an preparasyon an avèk prezidan repiblik la, Jovenel Moïse._

 » Sektè a okouran prezidan de fakto a, Jovenel Moïse ap konsète ak kèk dirijan nan opozisyon an, sosyete sivil ak PHTK nan pèspektiv pou mete sou pye yon gouvènman kowabitasyon », ekri nan yon kominike pou laprès sektè demokratik e popilè a mete deyò ayè madi 15 Jen 2021 an.

Daprè SDP a, gouvènman kowabitasyon sa ap gen pou prensipal misyon òganize eleksyon pou Michel Martelly ka repran pouvwa pou pwosè dosye petwo karibe a kapab antere ak pou sistèm peze souse a ki lakoz eksklizyon ak mizè a pa janm chanje.

Sektè a fè konnen, yon lòt kote, deklarasyon direktè egzekitif inisyativ sosyete sivil la, Rony Desroches madi 15 jen 2021 an nan yon konferans pou laprès kote li mande pou gen yon gouvènman kowalisyon menm jan ak fransè yo, revele sa kap maniganse an koulis nan politik ayisyen an kote pa gen prezans ni mikwo ak kamera laprès. » Pozisyon piblik Rony Desroches la, kontrèman ak sa kèk lidè politik ap rakonte, montre aklè kesyon kowabitasyon ak eleksyon avèk Jovenel Moïse te abòde nan nan rankont ki te genyen ak OEA a ki te fèt soti 8 pou rive 10 jen 2021. Konplo sa p ap pase », denonse kominike a.

SDP a entèpele aktè ki te pastisipe nan rankont ak OEA a sou nesesite ki genyen pou yo adrese yo ak nasyon an devan enfòmasyon pètinan ki fè kwè anpil nan yo, pou kounya, nan diskisyon ak Jovenel Moïse epi kominote entènasyonal la pou yo mete kanpe yon gouvènman antant nasyonal. » Opsyon politik sa, se zak trayizon grav ki depaman ak pozisyon anpil lidè sa yo konn afiche nan laprès », daprè kominike a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …