Ricky Lee Sneve https://www.gofundme.com/f/little-ricky-saving-his-little-sis?qid=5bf93cab9b0fbbda998103be0cbf549e Credit: GoFundMe

ETAZINI/ DRAM : YON TI GASON 10 LANE MOURI NWAYE PANDAN LAP SOVE LAVI YON SÈL KI TAP NWAYE.

_Yon ti gason 10 lane mouri nwaye samdi 12 jen 2021 an, nan peyi Etazini apre li fin sove yon ti sè li ki t ap nwaye. Ti sè a te tonbe nan dlo an menm tan ak plizyè lòt manm nan fanmi an pandan yo tap pwomennen nan » Big sioux River » ki chita kò li nan Dokota di sid nan peyi Etazini._

Ewoyik e trajik sa ki fèt nan Dokota di sid la nan peyi Etazini. Ricky Lee Sneve, yon ti gason ki gen 10 lane sou tèt li sove lavi yon ti sè li ki tap nwaye ki te tonbe nan « Big sioux River », toupre vil Houston.

Malerezman, jen ewo a mouri apre li fin mete sè a bò dlo a, sou riv la. Daprè paran yo, Ricky Lee Sneve se yon ti gason entèlijan, pwotektè ki toujou prè pou fè tout sa ki posib pou pwòch li.

« Tout moun ki rankontre Ricky Lee Sneve te toujou enpresyone pa nivo jenewozite li ak senplisite li », deklare papa l, Chad daprè sa New York Post rapòte epi ki releye pa Yahoo actualités.

 

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: People.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …