AYITI/ KOWONAVIRIS: GOUVÈNMAN AYISYEN AN PRAL RESEVWA PREMYE LO VAKSEN « ASTRASZENECA » KONT KOWONAVIRIS LA, DAPRÈ JOUNAL  » MIAMI HERALD ».

Daprè jounal ameriken  » Miami Herald » nan yon atik yo pibliye fè konnen gouvènman ameriken ap pare pou voye nan peyi Ayiti premye lo vaksen  » AstraZeneca » kont pandemi kowonaviris la.

Don sa ki sòti nan pwogram « Covax » Nasyon Zini an, se pandan gouvènman ameriken an ki montre gwo tèt chaje yo genyen le fèt ke otorite yo nan peyi Ayiti pako jwenn yon espas pou estoke premye lo vaksen « AstraZeneca ».

Toujou daprè jounal la, gouvènman ayisyen te deja rate semèn pase 132 mil dòz vaksen kont pandemi kowonaviris akoz fot administratif gouvènman ayisyen an. Nou ap fè remake, selon yon nòt laboratwa ki pwodwi vaksen  » AstraZeneca » te mete deyò fè konnen Vaksen yo pako jwenn rezilta yo tap chache nan vaksen an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …