AYITI/JISTIS: MINISTÈ JISTIS ENSTALE KOMITE PILOTAJ LIT KONT DETANSYON NAN PRIZON YO.

Minis jistis ak sekirite piblik mèt Rock Felleur Vincent, enstale jounen mèkredi sèz (16) jen 2021 an, komite pilotaj estratejik kont detansyon prevantiv pwolonje nan prizon yo.

Nan entèvansyon li, minis jistis la mèt Rock Felleur Vincent, fè konnen detansyon prevantiv nan prizon yo se rezilta disfonksyonman divès mayon nan chèn penal la. Minis Vincent, pilwen ki mande ak majistra enstriktè yo pou fè tout sak posib pou rann ankèt enstriksyon yo nan dèle lalwa fikse pou sa.

Komite pilotaj sa ap gen nan tèt li kòm prezidan direktè afè jidisyè a Levelt Milord, mèt Wally Mérisier direktè sèvis jiridik, mèt Jean Falière Bazelais, reprezantan sèvis grèf yo nan pakè yo mèt Jean Robert Dorcé, reprezantan sèvis enspeksyon jidisyè mèt Marimathe Gracieux ak yon manm konsèy nasyonal asistans legal ak sèvis detansyon, mèt Genel Pierre.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …