AYITI/ KONSTRIKSYON : GOUVÈNMAN PAP KANPE KONSTRIKSYON PRIZ NAN RIVYÈ MASAK LA.

Malgre anons menas prezidan dominiken an Luis Abinader, kont lide pou gouvènman ayisyen kanpe travay konstriksyon yon priz sou rivyè masak la ki pataje ant Ayiti ak Sendomeng.

Premye minis pou ti bout tan Claude Joseph, deklare gouvènman ayisyen an pa gen okenn lide pou kanpe travay konstriksyon priz sou rivyè masak la, daprè chèf gouvènman ayisyen pran pou itilize rivyè sa rantre nan dwa gouvènman ayisyen an genyen nan richès ki pataje ant de (2) peyi yo.

Pou fini, chèf gouvènman mande ak minis afè etranje dominken an pou pran baton pelerinaj diplomatik li pou rezoud pwoblèm lan olye pou se gouvènman domiken an, premye minis Claude Joseph, fè konnen se ministè agrikilti ki deside reyalize pwojè konstriksyon sa pou fasilite kèk ekta tè kapab awoze nan zòn sa.

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …