_Nan yon sikilè enstitisyon ki rele mezon menajè « Anne Marie Devasrieux » a mete deyò, yo anonse pòt enstitisyon an ap rete fèmen mèkredi 16 ak jedi 17 Jen 2021 akoz plizyè ka Kovid-19 ki te anrejistre nan espas enstitisyon an._
« Direksyon mezon menajè Anne Marie Devasrieux enfòme gen plizyè ka Kovid-19 ki anrejistre nan lokal enstitisyon an », daprè sa ki ekri nan sikilè a.
« Enstitisyon an ap rete fèmen mèkredi 16 ak jedi 17 jen 2021 pou yon dezenfeksyon jeneral, apwofondi sou kanmpis la », daprè sikilè a.
Jackson junior Rinvil