AYITI/POLITIK: REZO NASYONAL TÈT KALE PLEDE POU YON ANTANT ANT OPOZISYON AN AK POUVWA A POU SOTI PEYI A NAN KRIZ LI YE A.

_Rezo nasyonal tèt kale plede pou antant ant opozisyon an ak pouvwa pou kapab retire peyi a nan moman difisil li ye a._

Nan yon konferans pou laprès rezo nasyonal tèt kale bay ayè mèkredi 16 jen 2021 an, kòdonatè a, Kineton Louis fè konnen se antann pou opozisyon an antann li ak pouvwa an plas la pou popilasyon an kapab rale yon souf nan peripesi li ap pase avèk koze ensekirite a.

 » Fas ak kriz k ap ravaje peyi nou, nou gon sèl chwa : antann pou nou antann nou. Nenpòt kote w ye kit se nan pouvwa osnon nan opozisyon, nou gen yon denominatè komen ki se Ayiti. Annou antann nou pou nou kapab fè ensekirite k ap ravaje peyi a kaba », pawòl Kineton Louis.

Kòdonatè rezo nasyonal tèt kale a, nan konferans pou laprès la, menm jan ak prezidan repiblik la, deklare si yon moun bezwen pran pouvwa se nan eleksyon pou l ale.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …