AYITI/ ENSEKIRITE : » GOUVÈNMAN AP FÈ TOUT JEFÒ POU RATABLI SEKIRITE NAN PEYI A », DAPRÈ FRANTZ EXANTUS.

Sekretè Leta kominikasyon pouvwa anplas la Frantz Exantus, fè konnen otorite yo ap fè anpil jefò pou kapab retabli sekirite nan tout peyi a pou pèmèt sitwayen yo kapab al regle okipasyon yo.

Sekretè Leta kominikasyon an, deklare remonte zak ensekirite a gen pou wè ak plizyè sektè san kel pat site non sektè sa yo, mouche Exantus, montre wo eta majò polis la ap fè anpil jefò pou retabli sekirite a li site pou egzanp, operasyon lapolis fè pou libere twa (3) moun ki te kidnape nan Titanyen yo, operasyon pou demantle gang  » 17 eros » nan komin Kwadèboukè. Pilwen, Frantz Exantus, mande menm jan ak direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, kolaborasyon popilasyon an pou kontre kare bandi yo.

Nou ap siyale, malgre tout jefò gouvènman di ki ap fèt pou mache kontre kare ak bandi yo sa pat anpeche ayè lajounen disèt (17) jen an te gen gwo van panik nan rejyon metwopolitèn lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …