AYITI/ENSEKIRITE: GASLEY LIMAGE, YON POLISYE « CIMO » TONBE ANBA BAL APRE NÈG AK ZAM TE FIN ATAKE LI NAN DÈLMA 2.

_Gasley Limage se non yon ajan »cimo » ki tonbe anba bal nèg ak zam ayè jedi 17 jen 2021 an sou kabann lopital nan yon sant ospitalye nan rejyon metwopolitèn nan._

Dènye jou sa yo, nèg ak zam twoke kòn yo anpil ak Lapolis nan komin Dèlma. Limage Gasley, yon polisye « cimo » mouri sou kabann lopital aprè li te fin resevwa yon bal nan tèt suit ak atak nèg ak zam te fè sou yon machin Lapolis nan dèlma 2.

Polisye parèy Limage Gasley yo lonje dwèt sou gwoup gang ki rele »G9 an fanmi e alye » a ki ta komèt zak la. Sa ki te lakoz, ayè jedi 17 jen nan aswè anpil kout zam te chante ant Lapolis ak bandi nan zòn Dèlma 2, Dèlma 6.

Malgre nèg ak zam kontinye ap etenn souf polisye yo anndan peyi a, otorite yo poko janm pran bon jan mezi pou pèmèt polisye yo egzèse travay yo kòmsadwa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …