AYITI/POLITIK: DAPRÈ MATHIAS PIERRE, GEN YON KONSANSIS KI JWENN NAN KONSÈY SEKIRITE ONI POU GEN ELEKSYON JENERAL AN AYITI.

_Daprè Mathias Pierre, minis delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo, gen yon konsansis ki jwenn nan konsèy sekirite ONI pou gen eleksyon jeneral an Ayiti._

 » Gen yon konsansis ki jwenn nan nivo konsèy sekirite ONI pou gen eleksyon jeneral an Ayiti », ekri sou kont twitè ansyen opozan an rejim PHTK a, Mathias Pierre, nan dènye eleksyon prezidansyèl 2016 yo.

Ansyen patwon Gama a ki vin minis sou pouvwa PHTK a, vèsyon Jovenel Moïse, fè konnen fòk gen yon akò politik pou soti peyi a nan enpas li ye a. « Nan sans sa, gouvènman an angaje li e lap tann opozisyon an pou akò sila a. Eleksyon yo ap fèt an 2021 », ekri sou kont twitè Mathias Pierre, ansyen gwo bwa nan platfòm politik pitit Dessalines.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …