AYITI/ MAJI: KAT (4) MOUN MOURI SISPÈK AK TWA (3) LÒT ALE LOPITAL NAN KOMIN PAYAN DEPATMAN NIP.

Popilasyon nan lokalite « Dadier » premye seksyon komin Payan jwenn nan aprè midi dizuit (18) jen 2021 an, 4 moun mouri anndan yon kay ak twa (3) lòt ki al pran swen sou kabann lopital . Selon enfòmasyon yo, kat (4) moun sa yo ki mouri nan kay sa se dyab ki ta manje yo daprè, sa rès twa (3) kite sòti vivan k al pran swen sou kabann lopital esplike.

Komisè Gouvènman Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, ki te rann li sou plas pou konstate sak pase a fè konnen li te jwenn kat (4) moun mouri, ladan yo de (2) timoun, daprè sa rès manm fanmi yo esplikel se yon espri mistik  » dyab » ki te vin atake yo, chèf pouswit la ki di aprè konsta yo jwenn youn nan moun yo mouri ak kou epi tout danl rache, komisè a ki fè konnen li deja louvri yon ankèt sou sak pase a.

Nou ap fè remake, sèt (7) moun sa yo te abite Matisan 17, te kouri kite akoz zak bandi yo pou te vin anfème kay nan komin Payan. Pou kounye, a twa (3) lòt moun ki pa mouri yo kouche sou kabann lopital ap resevwa swen ka yo nesesite.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …