AYITI/ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM DECHOUKE KAY DIREKTÈ BIWO NASYONAL ETNOLOJI A NAN MATISAN 23.

_Nèg ak zam ap dechouke kay Hérold Josué, direktè nasyonal biwo etnoloji nan matisan 23 jounen samdi 20 jen an 2021 an selon enfòmasyon nou rive jwenn._

Depi plis pase de (2) semèn, batay gwoup gang gran ravin ak gwoup gang ti bwa lakoz anpil moun kite kay yo nan rantre sid kapital la. Malgre sa, nèg ak zam dechouke kay kèk sitwayen nan matisan 23 a, pami yo Hérold Josué.

Daprè enfòmasyon écho Jounal dispoze, direktè nasyonal biwo etnoloji a, Hérold Josué te gentan soti nan kay la depi kèk jou.

« M konfime nouvèl dechoukay la, men pèson poko ka evalye kantite dega yo », daprè Hérold Josué.

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …