AYITI/ ENSEKIRITE : DELEGASYON DEPATMANTAL NIP VIZITE MOUN MATISAN YO KI NAN ABRI PWOVIZWA NAN KOMIN MIRAGWÀN.

Nan tèt yon delegasyon, delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard, vizite jounen samdi dis nèf (19) jen 2021 an, moun kite chape poul yo anba bal bandi nan Matisan ki te vin refije tèt yo nan komin Miragwàn.

Nan entèvansyon li, reprezantan pouvwa egzekitif la nan depatman Nip lan Morel Esperance Berard, fè konnen prezans li nan abri pwovizwa dabò antanke imanis answit antanke reprezantan prezidan pou te kapab vin pote sekou ak konstate kijan moun yo ap viv depi kat (4) jou nan abri a. Pilwen, delege Morel Esperance, fè konnen li te fè demach bò kote  » CARITAS » ak legliz katolik pou te kapab pote èd bay moun sa yo.

Delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard, di li pral fè tout sak posib pou kapab ede nan moun sa yo ki anfouraye rejwenn lakay yo. Nou ap siyale, gen pou pi piti trant (30) moun ki sòti nan Matisan ki ateri nan komin Miragwàn.

 

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …