RISI2018: RANKONT PEROU VS LAFRANS LAN FINI 1-0 NAN AVANTAJ BLE YO AK YON GÒL K. MBAPPÉ NAN 34′

Bèl rankont jodi 21 jen 2018 lan kite opoze Fòmasyon Lafrans ak Ekip Perou an fini 1-0 yo nan avantaj Lafrans gras ak yon gòl pou K. Mbappé nan 34′ nan Ekaterinbourg Arena.

Ekip lafrans lan ak fòmasyon Perou an te chwazi menm fòmasyon (4-3-2-1).

CHANJMAN LAFRANS :

1) O. Dembélé #11 ranplase K. Mbappé nan 75′.
2) N. Fekir #18 rantre nan plas A.Griezmann nan 80′.
3) C. N’Zonzi 15 ranplase P. Pogba nan 89′.

CHANJMAN PEROU :

1) A. Santamaría #4 ranplase A.Rodríguez #2 nan 46′.
2) J. Farfán #10 rantre nan plas Y. Yotún 46′.
3) R. Ruidíaz #11 rantre nan plas C. Cueva nan 82′.

KATON JONN :

1) B. Matuidi (Lafrans) nan 16′.
2) P. Guerrero #9 (Perou) 23′.
3) P. Akino (Perou) nan 81′.
4) P. Pogba (Lafrans) nan 86′.

Lafrans poko janm pèdi pandan 8 dènye match li anfas ekip CONMEBOL yo.
Perou pa genyen youn nan 8 dènye match li nan koup dimond.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …