AYITI/POLITIK: « NOU PA NAN DANSE KOLE AK PÈSÒN KI NAN ZAK ENSEKIRITE AK ZAK VYOLANS ANNDAN PEYI A », PAWÒL JOVENEL MOÏSE.

_Nan yon pwen pou laprès li bay jounen dimanch 20 jen 2021 an, prezidan repiblik la Jovenel Moïse fè konnen li pa nan danse kole ak pèsòn ki nan zak ensekirite ak zak vyolans anndan peyi a._

« Jiskaprezan, kòm prezidan mwen poko resevwa yon dokiman fòmèl, ni yon lis ki di mwen men moun ki ap vann zam nan peyi a, men moun ki ap vann minisyon nan peyi a », pawòl chèf Leta a, Jovenel Moïse.

Prezidan repiblik la, yon lòt kote pwofite okazyon an pou li voye senpati li bay tout polisye, zanmi ak fanmi polisye ki viktim anba zak vyolans nèg ak zam. » Yon lòt fwa ankò polis la frape, men nou pa ka kouri. Nou pa ka fè bak. Polis la jodi a nap goumen pou nou ranfòse li pou pèmèt li ka kanpe goumen avèk moun ki konprann li ka mete li an dewout », daprè Jovenel Moïse.

Parapò ak moun ki deplase kite zòn yo nan Matisan ak ba Dèlma, chèf Leta a fè konnen Leta pap kanpe gade, lap travay pou yo kapab retounen lakay yo.  » Pa gen pèsòn ki ka mete yo deyò paske lavi bandi kout anpil », selon Jovenel Moïse.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …