AYITI/POLITIK: JOVENEL MOÏSE MANDE SIPÒ LAPRÈS AK ASOSYASYON DWA MOUN YO NAN BATAY KONT ENSEKIRITE A.

_Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse nan kad yon pwen pou laprès li tap bay jounen dimanch 20 jen 2021 an, mande sipò laprès ak asosyasyon dwa moun yo nan batay kap fèt kont ensekirite a._

« Frèm ak sèm ki nan laprès la ak asosyasyon dwa moun yo Lapolis la pou yon fwa ankò bezwen nou. Pèp ayisyen an pa vwa pa mwen li voye mwen pale avèk nou li bezwen nou. Li bezwen nou pou nou ka kanpe bò kote Lapolis ; pou nou fè youn avèk Leta a pou goumen kont fenomèm sa ki soti pou mete zòn metwopolitèn nan atè » deklare Jovenel Moïse.

Daprè chèf Leta a, zòn metwopolitèn nan se pou nou. « Nou pa ka kite li ap tounen yon zòn denondwa an jeneral. Leta bezwen sipò asosyasyon dwa moun yo nan gwo batay sa ki ap mennen kont bandi ki soti pou mete Lapolis ak Leta a jenou », pawòl ansyen patwon agritans lan, Jovenel Moïse.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …