AYITI/ KOWONAVIRIS: ANSYEN SEKRETÈ LETA EDDY JACKSON ALEXIS, MANDE POPILASYON AN POU PRIDAN AK KOWONAVIRIS LA.

Ansyen sekretè Leta kominikasyon Eddy Jackson Alexis, mande ak popilasyon an pou trè pridan fas ak maladi kowonaviris la ki pa rèt chak jou pi plis pi danje nan peyi a.

Eddy Jackson Alexis, ki te gen madanm li mouri nan maladi kowonaviris la deklare se aprè lanmò madanm li kel vin wè kijan maladi kowonaviris la danje anpil. Selon esplikasyon Eddy Jackson Alexis, ki fè konnen madanm li Ester ki te mouri nan maladi kowonaviris la yon sèl kou te gen tout sentom maladi a.

Pou fini, ansyen sekretè Leta kominikasyon an ki kritike le fèt ke gen kèk lopital nan peyi a ki mete kèk kondisyon pou moun ki ta gen maladi a vini pran swen lakay yo, pandan li mande ak otorite nan Leta pou pran responsabilite yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …