RISI2018: EKIP KORASI YAN KRAZE FÒMASYON AJANTIN LAN JODI AN AK YON ESKÒ (3-0), YON SITIYASYON KI VIN PI KONPLIKE POU AJANTEN YO

Fòmasyon korasi an kraze Ekip Ajantin nan (3-0) nan Estad Nijni Novgorod lan jodi yan, ak yon gòl pou A.Rebić nan 53′, L. Modrić 80′ ak I.Rakitić 90+1′.

Ekip Ajantin nan te kanpe an 3-4-2-1 poutan advèsè yo te jwe an 4-1-4-1 .

CHANJMAN AJANTIN :

1) G. Higuaín #9 ranplase Sergio Aguëro #19 nan 54′.
2) C. Pavón #22 rantre nan plas E. Salvio nan 56′.
3) P. Dybala #21 ranplase E. Pérez nan 68′.

CHANJMAN KORASI :

1) A. Kramarić #9 ranplase A.Rebić nan 57′.
2) M. Kovačić #8 rantre nan plas I.Perisić nan 82′.
3) V.ćorluka #5 ranplase M. Mandzukić #17 nan 90+2′.

KATON JONN :

1) A. Rebić (Korasi) nan 39′.
2) G. Mercado (Ajantin) 51′.
3) M. Manzukíc ( Korasi) nan 58′.
4) S. Vrsaljko #2 (Korasi) nan 67′.
5) N. Otamendi (Ajantin) nan 85′.
6) M. Acuna (Ajantin) 87′.
7) V. Ćorluka (korasi) nan 90+4′.

Ekip Korasi an te vrèman siperyè Fòmasyon Ajantin lan, Messi pat desizif pou ekip li an.
Posesyon balon an te fini 58% pou Ajanten yo Kont 42% pou Korasi.
Ekip Ajantin lan fè 10 chout sèlman 3 ki kadre, ak 16 fòt. poutan Korasi sou 14 chout 5 sèlman ki kadre, epi yo fè 22 fot.
Ajantin tejwenn 5 kònè kont 2 pou advèsè yo an.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …