AYITI/KOVID 19: YON PÒT PAWÒL FANMI LAVALAS POTE PREZISYON SOU ETA SANTE ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE.

_Pòt pawòl pati politik fanmi Lavalas la, Judson Durogène entèvni sou enfòmasyon ki ap sikile ki ta fè kwè ansyen prezidan repiblik la, Jean Bertrand Aristide ta trape maladi Kovid-19 la._

Daprè Judson Durogène ki tap entèvni sou radyo Zénith, li fè konnen doktè ki ap pran swen ansyen chèf Leta peyi Dayiti a Jean Bertrand Aristide, pa janm deklare ke ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide gen kowona viris.

Pòt pawòl pati a, yon lòt kote, deklare lidè pati a pa fin pote li twò byen.  » Prezidan Aristide malad efektivman », pawòl Judson Durogène.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …