CSPJ DEMANTI ENFÒMASYON KI TE FÈ KWÈ MÈT RENÉ SYLVESTRE MOURI NAN KOWONA VIRIS

Nan yon nòt sekretarya teknik konsèy siperyè pouvwa jidisyè a mete deyò, li demanti enfòmasyon ki te fè kwè mèt René Sylvestre, prezidan enstitisyon an ki se tou prezidan lakou kasasyon pèdi lavi li nan pandemi Kovid-19 la._

Kontrèman ak rimè ki tap sikile sou tout rezo sosyal yo dènye 48è ki sot pase yo, mèt René Sylvestre pa mouri.

Daprè sekretarya teknik konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, mèt René Sylvestre pa mouri.  » Li kouche lopital, l ap resevwa swen « , fè konnen nan nòt la.

Sekretarya enstitisyon an, parapò ak pandemi kowona viris la k ap vale teren mande pou tout moun fè pridans epi aplike konsiy otorite sanitè yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …