LEMOND/TRANBLEMAN TÈ: YON TRANBLEMAN TÈ SEKWE PEYI PEWOU.

Yon tranbleman tè manitid 6, sekwe nan aswè madi venn de(22) jen 2021 an, Lima kapital peyi Pewou, daprè anons sant sismolojik nasyonal peyi a.

Selon sant sismolojik nasyonal Pewou, fè konnen nan premye sekous la te evalye ak manitid 5,8 nan yon pwofondè 32 kilomèt, ak yon distans 33 kilomèt nan Sidwès Mala, ki sitiye li ak yon santèn kilomèt ki nan Sid kapital Pewou, se pandan sèvis idwografi peyi a ekate tout ris Sounami.

Selon deklarasyon dirijan enstiti jewofizik Pewou a Hernando Tavera, ki fè konnen li pako ka bay okenn enfòmasyon si gen moun ki mouri ak dega materyèl ki anrejistre. Se pandan li presize se youn nan pi gwo tranbleman tè ki pase nan dènye ane yo nan peyi Pewou.

Fòk nou di, chak ane peyi Pewou resevwa pou pi piti yon santèn tranbleman tè akoz pozisyon jewografik li, yon tranbleman tè ki pase nan moman popilasyon an ap rete tann pwoklamasyon rezilta dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo ki te fèt sis (6) jen pase a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …