AYITI/KOVID 19: JOVENEL MOÏSE REYAJI APRE NOUVÈL LANMÒ MÈT RENÉ SYLVESTRE LA.

_Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse daprè sa ki ekri sou kont twitè li atriste apre nouvèl lanmò mèt René Sylvestre la._

« Nouvèl lanmò prezidan kou kasasyon an e ki se te tou prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, mèt René Sylvestre, yon moun Leta, fidèl kòm moun kap sèvi repiblik la, rann mwen tris anpil », ekri sou kont twitè lokatè palè nasyonal la.

Prezidan repiblik la, pwofite voye kondoleyans li bay fanmi mèt René Sylvestre ak tout manm konsèy siperyè pouvwa jidisyè yo.

Mèt René Sylvestre mouri nan maladi Kovid-19 la nan lopital Mibalè a mèkredi 23 jen apre plizyè jou li pase ap soufri.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …