AYITI/LANMÒ: LANMÒ MÈT RENÉ SYLVESTRE, JOSEPH LAMBERT ATRISTE

_Nouvèl lanmò mèt René Sylvestre la atriste senatè Joseph Lambert daprè yon twit li fè ayè mèkredi 23 Jen 2021 an._

Depi apre lanmò prezidan kou kasasyon an ki se tou prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, anpil pèsonalite reyaji pou salye depa mèt René Sylvestre.  » M aprann avèk emosyon disparisyon prezidan kou kasasyon an e konsèy siperyè pouvwa jidisyè a », ekri sou kont twitè senatè Sidès la.

Apre plizyè jou li te fè ap soufri, Kovid-19 la te rive gen rezon sou mèt René Sylvestre. « Kondoleyans ak fanmi epi ak kòlèg majistra honorab René Sylvestre ki fè vwèl pou peyi san chapo twò bonè », Joseph Lambert.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …