Apre ansyen prezidan repiblik la Jean Bertrand Aristide fin kite peyi a pou li kapab al pran swen nan peyi Kiba, prezidan repiblik la Jovenel Moïse kontinye manifeste volonte li pou sipòte ansyen prezidan an nan maladi a.
Nan yon twit, Jovenel Moïse swete Jean Bertrant Aristide bon retablisman epi fè konnen anbasad peyi Dayiti nan peyi Kiba ap kontinye bay ansyen prezidan an tout sipò epi èd lap bezwen.
Laissant le pays afin de se faire soigner à l’étranger, je souhaite à l'ex-Président Jean-Bertrand Aristide un prompt rétablissement. L'Ambassade d'Haiti à Cuba lui apportera toute l’assistance nécessaire. #Haïti
— Président Jovenel Moïse (@moisejovenel) June 24, 2021
Nap siyale pwòch ak patizan Jean Bertrand Aristide yo fè chwa pa bay detay sou maladi ansyen lokatè palè nasyonal la.