AYITI/ ENSEKIRITE: GOUVÈNMAN AN ANVIZAJE DEPLASE SANT TRETMAN KOVID -19 KI NAN DÈLMA DE (2) A.

Gouvènman ayisyen anvizaje deplase sant tretman ak priz an chaj moun ki gen kowonaviris nan Dèlma de (2) a, daprè minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez.

Selon deklarasyon minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez, ki fè konnen gouvènman pran desizyon sa akoz zak ensekirite ki gen nan zòn sa. Minis lan, ki presize desizyon sa pran nan kad yon konsèy minis ki te fèt nan aswè mèkredi venn twa (23) jen 2021 an.

Boutofen, nan rankont ak laprès la minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez, voye senpati gouvènman bay fanmi ansyen prezidan lakou kasasyon an mèt René Sylvestre ki mouri nan maladi kowonaviris.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …