LEMONN/KATASTWÒF: YON IMÈB REZIDANSYÈL EFONDRE NAN PEYI ETAZINI LAKOZ POU PITI 159 MOUN DISPARÈT.

_Yon imèb rezidansyèl efondre pasyèlman ayè jedi 24 jen 2021 an nan nò Miyami bitch ki sitiye li nan Florid peyi Etazini. Daprè otorite lokal yo, gen pou piti 159 moun ki disparèt ak kat (4) moun ki mouri_ .

Touswuit apre efondreman imèb la, otorite lokal yo te mobilize sekou nan lide pou chaje moun ki disparèt yo. Daprè France 24, jiskaprezan otorite lokal yo poko gen okenn nouvèl sou 159 moun ki disparèt yo, men gen 4 moun yo jwenn ki pèdi lavi yo nan katastwòf la.

Selon senatè repibliken Florid la, Marco Rubio prèske yon tyè moun ki disparèt yo se etranje. » Nou ap travay ak konsila yon pakèt peyi nan Amerik latin pou ede manm fanmi viktim yo ki bezwen vini Etazini pou nou ede yo », fè konnen Marco Rubio.

Pami moun ki disparèt yo, gen nèf (9) Ajanten, twa(3) Irigweyen ak sis (6) Paragweyen. Daprè minis zafè etranje Paragweyen an, Euclides Acevedo sè premye dam Paragwey a, Silvana Lopez Moreina ak fanmi l konsène nan katastwòf la.

Gouvènè Florid la, Ron Desantis fè konnen l ap prepare l ak yon pakèt move nouvèl ki gen pou vini. Prezidan Etazini an, Joe Biden deklare eta federal ap rete debou pou asiste operasyon sekou ak relojman ijans reskape yo, rapòte France 24.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …