LANMÒ GOERGES FLYOD: ANSYEN POLISYE DEREK CHAUVIN KONDANE POU LI PASE 22 LANE AK 6 MWA NAN PRIZON.

_Ansyen polisye blan Derek Chauvin kondane jounen vandredi 25 jen an pou li pase 22 lane ak 6 mwa nan prizon aprè li te fin deklare koupab nan lanmò Georges Flyod_ .

Lajistis nan peyi Etazini kondane Derek Chauvin pou li pase 22 lane 6 mwa nan prizon akoz li te asasinen Goerges Flyod, yon afwo ameriken. Yon pèn ki lou e ki reflete enpak mondyal zak asasinay sa te fè a.

« Tribinal la kondane w pou w pase 270 mwa an detansyon, 10 lane anplis parapò ak pèn previ nan barèm Minesota a », deklare jij Peter Cahill.

« Desizyon’m nan pa baze ni sou emosyon, ni sou senpati. Li pa chita nonplis sou sa moun ap di nan lopinyon piblik, ni tou mwen pran li paske bezwen voye yon mesaj », daprè sa li ajoute, France 24 rapòte.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …