Lapolis nasyonal peyi Dayiti ap gen pou fouke tout bandi ki te piye sikisal « Sogebank » nan Matisan epi piye plizyè magazen nan rejyon metwopolitèn lan, daprè direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles.
Kòmandan an chèf polis la, fè konnen lapolis la pral mare ak fè sèso tout endividi ki ap benyen nan move zafè ak komèt vye zak nan peyi . Sitou, sila yo ki te patisipe nan vòlè, kase kòfrefò, piye magazen ak nan zak kidnapin. » mwen ap raple enstitisyon polis la legal, li la pou garanti sekirite nan peyi a » deklarasyon Léon Charles, ki pwofite okazyon an pou envite polisye pou pa gade sou sa bandi yo ap fè. Li ajoute poul di : » nou ka aji ak fòs, detèminasyon pandan nou ap respekte lalwa ».
Nou ap siyale, responsab yo nan lapolis la anonse gen bon jan materyèl pou kapab mache kontre kare ak bandi yo ki ap fè zèfèyis nan peyi a.
Dieuva Occidor