AYITI/ENSEKIRITE : YON GWO CHÈF GANG NAN KATYE BOUKLIN NAN KOMIN SITE SOLÈY MOURI AK PLIZYÈ LÒT MOUN ANKÒ.

Afwontman ki mete fas pou fas bab pou bab katye Boston ak katye bouklin depi anviwon 3 mwa ap kontinye, kote jounen vandredi 25 jen 2021 an katye boston ki jwenn sipò katye Belekou ki se pi bon alye yo fè yon pote boure sou katye Bouklin patikilyèman nan yon zòn ki rele Nòre (sou tè).

Pote boure sa lakoz plizyè moun mouri ak plizyè kay boule pami yo chèf gang kap dirije bwanèf la yo konnen sou non Eder. Daprè enfòmasyon nou rive jwenn Eder se youn nan nèg Gabriel te fè anpil konfyans.

Tou daprè enfòmasyon nou fè anpil konfyans, Eder lòm toupwisan tap dirije bwanèf lefèt ke li se yon bon gèrye, Gabo transfere misye, li voye li al dirije nan Nòre oubyen sou tè nan lide pou li te ka konbat Iska avèk Matyas.

Nap souliye, daprè anpil temwayaj nou jwenn nan bouch kèlke abitan nan komin site solèy la se yon batay pou tèritwa ak politik kote gwoup gang ki gen ladanl Matyas ak twoup li ki jwenn apwi Iska ap mande 50- 50 sa vle di mwatye pou anwo mwatye pou anba yon lòt kote gwoup gang kap dirije pa Gabriel la ap mande bak tou bok sa vle di tout pòs politik yo sipoze soti anba.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …