LEMOND/ KOWONAVIRIS: PEYI LA RISI ANREJISTRE PI GWO KA LANMÒ DEPI PARÈT MALADI KOWONAVIRIS LA.

Peyi La Risi anrejistre pi gwo kantite ka lanmò yo depi parèt maladi kowonaviris la, daprè sa otorite sanitè yo fè konnen nan yon sèl jounen peyi Risi anrejistre san karant kat (144) moun ki mouri ak maladi kowonaviris la.

Kantite ka lanmò sa yo vini plis ak maladi a nan yon sèl jou nan peyi a, majistra vil Moscou a, Sergieî Sobianine, fè konnen daprè chif otorite la sante Risi yo kominike gen pou pi piti de mil ( 2000) moun ki kouche sou kabann lopital chak jou ak maladi a. Pilwen, majistra presize genyen ven mil (20 000) kabann ki deja disponib ladan yo gen katòz (14) mil ki deja okipe.

Nou ap siyale, se varyan kowonaviris ki rele Dèlta, ki te gen ansyen non  » Varriant Indien » ki ap taye banda li nan peyi Risi.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …