AYITI/ ENSEKIRITE : LOPITAL » MEDECIN SANS FONTIÈRS » FÈMEN PÒT YO POU YON SEMÈN AKOZ ZAK ENSEKIRITE A.

Responsab yo nan lopital  » médecins sans frontières » ki nan Matisan oblije fèmen pòt yo akoz zak ensekirite ki ap taye banda depi plizyè semèn nan rejyon metwopolitèn lan sitou nan Matisan.

Daprè responsab « medcins sans frontières » yo pran desizyon pou fèmen pòt lopital ki nan zòn Matisan akoz nèg ak gwo zam ki debake vide katouch sou lopital la, kote konsta twou bal yo parèt byen vif. Fas ak yon sitiyasyon konsa, yo pran desizyon sa nan lide pou kapab pwoteje pèsonèl lopital la.

Nou ap siyale, gen plizyè lòt lopital nan rejyon metwopolitèn lan ki anonse yo ap fèmen pòt yo akoz ensekirite ki pèmèt yo pakab jwenn gaz pou pèmèt lopital la fonksyone.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …