AYITI/ ENSEKIRITE : NÈG AK ZAM NAN KWADÈBOUKÈ ATAKE KAPTAJ DINEPA KI NAN ZÒN SA.

Bandi ak zam nan gang  » 400 mawozo » atake kaptaj dlo  » DINEPA » ki twouvel nan komin kwadèboukè, daprè direktè jeneral Dinepa Gytho Edouard.

Selon deklarasyon direktè Gytho Edouard, nèg ak zam ki fè pati gwoup gang  » 400 mawozo » sabote kaptaj rezo dlo DINEPA ki twouvel nan komin sa a, ki pral lakoz DINEPA nan difikilte pou alimante divès zòn nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan ak dlo potab. Mouche Edouard, fè konnen malveyan san fwa yo menase anplwaye kap jere kaptaj la kwadèboukè a.

Nou ap siyale, malgre jan gwoup gang yo alèz nan peyi a direksyon jeneral polis la pa sispann anonse diferan operasyon yo ap mennen pou kontre kare gang yo nan peyi a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …