ESPÒ/KOUP DWÒP: KAT (4) GWO EKIP ELIMINE DEPI NAN UITYÈM DE FINAL KOUP DEWÒP 2020 AN.

_Pòtigal, Peyiba, Lafrans ak Almay se kat (4)gwo ekip ki gentan kite koup Dewòp la depi nan uityèm definal konpetisyon an._

Koup Dewòp 2020 an kap fèt nan ete 2021 an chaje sipriz ladann. Latristès pa sispann anvayi kè fanatik yo lè yo wè yon ekip yo te kwè ki te ka chanpyon elimine depi nan uityèm definal. E nan ran sa, se yon pakèt gwo ekip ki ladann.

Chanpyon an tit dènye edisyon an, Pòtigal gentan di babay ak konpetisyon an apre defèt li yon gòl a zewo devan ekip Beljik la. Touswuit apre, gen Peyiba ki fè menm wout la tou apre Repiblik Tchèk fin pase li ( 2-0)

Fanatik foutbòl pa t sispann fin fè sezisman. Finalis dènye edisyon koup Dewòp 2016 la, peyi Lafrans pèdi ayè lendi a nan seyans pennalite devan ekip Lasuis la. Jounen madi a, se Anglè yo ki mete do Alman yo atè (2-0).

Se yon konpetisyon kontinental ki chaje ak sipriz. Lè yon fanatik pa antann, yon sipriz ka fèt. Nan koup Dewòp sa, daprè anpil obsèvatè, pa gen ni ti ekip, ni gwo ekip. Tout ekip ka bat tout ekip.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …