IVAP nan tèt kole ak komite konkou nasyonal pòtrè reyalis » mémoire et encre portrait dessin Rosny Cadet » reyalize final konkou pòtrè a kote yo te tou remèt prim konkou » Je prends la photo et je présente Odette Roy FOMBRUN » 29 jen 2021 an nan otèl Oasis._
Konkou potrè sa te fè chwa pran pou ane 2021 an 31 patisipan nan okazyon 31 lane ansyen prezidan jenès lan nan palman Rosny Cadet ki pran nesans 30 jen men se twa nan yo ki rive ranpòte final konkou an : »2ème ARISTIDE Gaevinlee Junior ,1er MARSEILLE John Widson,3ème Vallon Stanley Morlens ».
Nan konkou enstiti valorizasyon patrimwan Dayiti reyalize an ki gen pou tèm « je présente Odette Roy Fombrum » genyen twa gwo gagnan ladann :Dartagnan Pascal Joseph,Jean Kerlens Fanfan ak Antoine L.Maitre epi Evens Joseph ak Valerie Genfy ».
Daprè Zachary Thermo, PDG enstiti valorizasyon patrimwàn Dayiti (IVAP), konkou sa reyalize tou nan sousi pou onore ak remèsye yon pakèt moun ki se modèl nan sosyete a.
« M kontan anpil. M panse fòk nou ankouraje talan jèn yo. Se sa mwen ap fè nan peyi a avèk òganizasyon jèn yo », daprè Rosny Cadet ansyen jenn prezidan nan palman jenès Ayisyen an.
Anbasadè OIF la nan kesyon jenès, Rosny Cadet fè konnen, yon lòt kote, yo p ap lage jèn yo pou kò yo apre konkou a. » M ap gade pou mwen wè avèk koneksyon m genyen an Afrik, sa m genyen an Frans pou mwen wè èske ka genyen konkou pòtrè mondyal », pawòl anbasadè Rosny Cadet.