LEMOND/ KOWONAVIRIS: KA KOWONAVIRIS YO KONTINYE AP OGMANTE NAN KONTINAN EWOPEYEN AN, DAPRÈ OMS.

Kantite ka ki teste pozitif yo nan pandemi kowonaviris la kontinye ap ogmante nan kontinan Ewop la, aprè dis (10) semèn rekil maladi a daprè konsta òganizasyon mondyal lasante (OMS) branch Ewop la.

 » Pral gen yon nouvèl vag maladi a nan rejyon an, sof si nou rete ak anpil disiplin nou pap viktim », se deklarasyon direktè OMS branch Ewop la Hans Kluge nan kad yon pwen pou laprès jounen jedi a. Selon òganizasyon an, semèn pase a te gen ogamantasyon 10 % ka kowonaviris la nan rejyon Ewop la, ki deja rive sou 53 teritwa  » rezon ogmantasyon brasaj yo, voyaj yo, rasanbleman epi ak diminisyon restriksyon sosyal yo ».

Selon pwojeksyon OMS, varyan kowonaviris  » Delta » kapab vini devlope anpil nan rejyon Ewop la nan mwa Dawou ki ap vini la, parapò ak kèk neglijans ki fèt bò kote moun ki ap viv nan kontinan sa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …