AYITI/ KOWONAVIRIS : GOUVÈNMAN AN RENOUVLE POU KENZ (15) JOU ETA IJANS SANITÈ A.

Gouvènman ayisyen renouvle pou kenz (15) jou ankò eta ijans sanitè a nan peyi a nan dat trant 30 jen pase a, daprè minis kilti ak kominikasyon Pradel Henriquez.

Daprè minis Pradel Henriquez, gouvènman ayisyen an pran desizyon sa nan kad yon konsèy minis yo ki te fèt nan dat trant (30) jen 2021 an, desizyon sa vini aprè gen pou pi piti kat san (400) moun ki deja mouri nan maladi kowonaviris la nan peyi a, selon deklarasyon minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez.

Boutofen, minis Pradel Henriquez, ankouraje popilasyon an pou toujou respkete mezi baryè yo pou anpeche maladi kowonaviris la fè plis dega ke sal deja fè yo nan peyi a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …