AYITI/ ENSEKIRITE : FJKL RESANSE POU PI PITI SWASANT (60) MOUN MOURI PANDAN FEN MWA JEN AN NAN REJYON METWOPOLITÈN

Pou pi piti swasant (60) moun mouri nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan sòti ven senk (25) pou rive trant (30) jen 2021 an, daprè yon rapò fondasyon je klere mete deyò jedi premye jiyè 2021 an.

Òganis dwa moun lan, deklare nan rapò yo a nan dat ven senk (25) jen 2021 an, gen pou pi piti karant (40) moun ki pèdi lavi yo nan komin Site Solèy. Moun sa yo mouri nan moman gwoup gang ki pote non fòs revolisyonè G9 an fanmi ak alye ki pwòch pouvwa tap toke kòn yo ak gwoup gang G-Pèp ki gen nan tèt li Gabriel Jean Pierre alyas Ti Gabriel. Gwoup gang G-pèp la touye kat sòlda pou gang G9 aprè yo te plase plizyè sòlda yo nan katye Boston, sou tèt legliz  » Seven-Up » pou domine katye Brooklyn.

FJKL, fè konnen nan dat ven sis (26) jen pase a gwoup gang  » 400 mawozo », te pran lari a nan komin kwadèboukè fè parad simen katouch sou divès sitwayen. Nan aswè madi ven nèf (29) pou louvri trant (30) jen 2021 an, pou piti kenz (15) moun mouri nan Kriswa ak Dèlma 32, pami yo ansyen pòt pawòl SPNH17 la Guerby Geffrad, jounalis  » Radio Vision 200″ Diego Charles ak militant politik Marie Antoinnette Duclair. Direktris egzekitiv FJKL la, Marie Yolène Gilles, fè konnen tou nan mèkredi trant (30) jen an, nan komin Petyonvil, Maglwa Anbwaz ak sou wout frè yo touye plizyè moun pami yo yon kanbis ak yon mekanisyen.

Fondasyon je klere (FJKL), ki deplore malgre tout aksyon machann dezagreman yo nan peyi a gouvènman montre volonte yo genyen pou ta reyalize eleksyon ak referandòm lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …