AYITI/ POLITIK : EGZEKITIF LA DESIDE AKÒDE AK YON BANN GWO CHABRAK KITE PASE NAN LETA DEPI 1991 POU RIVE 2017.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, deside akòde dechaj ak tout ansyen premye minis ak tout ansyen minis ki t ap sèvi Leta depi 1991 pou rive 2017.

Nan yon twit sekretè jeneral konsèy minis yo Renald Lubèrice, ki fè konnen nan kad yon konsèy minis ekstrawòdinè kite reyalize nan palè nasyonal kote yo deside pou bay dechaj ak tout ansyen premye minis ak minis ki t ap sèvi repiblik la depi sèt (7) fevriye 1991 pou rive sèt (7) fevriye 2017, ki genyen yon rapò favorab odit lakou dè kont.

Fòk nou di, plizyè moun nan klas politik la nan peyi Ayiti denonse desizyon sa epi fè konnen egzekitif la pagen okenn kote nan konstitisyon an ki bal dwa pou pran desizyon sa yo.

Dieuva Occidor

Kredi foto:depositephoto

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …