SANTE: GENYON ENFKSYON KI RELE TRIKOMONAS LI FRAJIL MEN KIJAN OU KA IDANTIFYEL E PWOTEJE TÈT OU POUW PA GENYENL.

SANTÉ PLUS

PDG:::::::::: DAMAS STERLING

TEL::::::::::::: 40813514

✅Yon ti konesans plis ap bon pou nou…

-Pandan nap fòme e enfòme jenès la sou edikasyon seksyèl yo e koman pou yo jwi yon relasyon seksyèl li enpòtan tou pou pote yon ti konsey sou kek maladi yo ka pwan nan fè sèks san kapot, nou pwal pale’w de ❇Trikomonas:

– Trikomonas la se yon enfeksyon fi tankou gason ka pwan nan relasyon seksyèl san pwoteje.oubyen Se yon enfeksyon vaginal ou genital fi tankou gason ka pwan nan fè bagay san proteje
♻Koz Trikomonas

– Trikomonas se yon enfeksyon koze pa yon parasit ki rele trikomonas vaginalis

❇Sentom Trikomanas

♻Kay yon fanm:

– Wap wè ti dlo jonn ou vèt kap sot nan vajen fi a,li bay vant fèmal,li fe vagin w ap gratew, lè wap fè bagay wap santi doulè, lè wap pipi lap boulew, enfeksyon sa koz fia pa fè pitit, li ka bay kansè nan kol matris la e nan matris la tou

✅Kay yon gason:

– li ka fe tèt grenn gason anfle, li bay postat ,lap bal doulè lè lap pipi,li ka fèl gen ekoulman klè, sa ka koz gason an pa ka fè pitit
♻konplikasyon
Trikomonas la ka touche tronp yo, li ka touche matris la ,li ka menm fe moun nan pa ka fe pitit si li pa trete.
♻prevansyon
pou pa fe enfeksyon trikomonas la se pouw toujour pwoteje tèt ou chak lè wap fè bagay .

✍?✍?✍?✍?✍?
✅Nurse Loudemia Fenelus????

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …