AYITI/POLITIK : YON LÒT PREMYE MINIS NONMEN NAN PEYI A

Nan yon arete prezidansyèl ki pibliye nan jounal ofisyèl le moniteur jounen lendi 5 jiyè 2021 an,sitwayen Ariel Henry nonmen premye minis peyi Dayiti.__

Yon lòt premye minis pran tèt primati a. Ariel Henry, se non sitwayen ki jwenn benediksyon Jovenel Moïse pou pòs premye minis peyi Dayiti a.

Ariel Henry, premye minis tou nèf la ranplase nan pòs sa doktè Claude Joseph ki, li menm, te premye minis pou yon ti bout tan.

Retabli yon klima sekiritè nan peyi a se youn nan gwo defi k ap ret tann nouvo gouvènman k ap gen pou vin mennen bak peyi a bò kote Jovenel Moïse.

Pandan pasaj Claude Joseph nan primati a, ensekirite a pa t sispann taye banda. Nèg ak zam achte rantre sid kapital la, nan blòk matisan lajan kontan. E sa poko gen ui(8) jou depi te gen yon fiziyad ki te fèt Dèlma 32 ak Chriswa kote Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles te rive pèdi lavi yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …