_Ansyen chèf Leta peyi a, Michel Joseph Martelly reyaji sou kont twitè li aprè nouvèl ki fè kwè Jovenel Moïse asasinen nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021._
« Ayiti reveye avèk nouvèl kriyèl ki se asasina prezidan Jovenel Moïse. Mwen ap kenbe madanm li nan lapriyè m, mwen pataje doulè a ak fanmi an pandan mwen ap pwofite mwen ap prezante yo senpati m », ekri sou kont twitè Michel Joseph Martelly.
« Yon kou di pou peyi a ak pou demokrasi a ki fenk ap boujounen », reyaji ansyen chèf Leta a tèt kale a, Michel Joseph Martelly.
Jovenel Moïse, daprè Claude Joseph, tonbe anba bal kòmando moun pa rive idantifye nan lannuit 6 pou 7 jiyè 2021 an nan rezidans prive l ki nan pèleren 5.