Nan yon arete ki pote nimewo espesyal ki pibliye jounen mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an, gouvènman ayisyen dekrete kenz (15) jou dèy nasyonal nan memwa prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki asasinen maten sèt (7) jiyè a lakay li nan Pèleren senk (5).
Nan atik premye (atik 1) arete a, ki fè konnen depi demen jedi uit (8) jiyè 2021 an, pou rive jedi venn de (22) jiyè k ap vini la kenz (15) jou dèy nasyonal nan omaj ak memwa chèf Leta Jovenel Moïse.
Nan atik de (2) arete a, gouvènman fè konnen pandan kenz (15) jou sa drapo nasyonal la ap monte ademi, diskotèk ak lòt etablisman ki sanble yo ap rete ak pòt yo fèmen epi estasyon radyo ak televizyon yo envite pou pase mizik ak fè emisyon sikonstans pandan kenz (15) jou sa yo.
Nou ap siyale, plizyè gwo chabrak nan mond lan kondane zak asasinay ki fèt sou prezidan repiblik la Jovenel Moïse, se ka premye minis Britanik Boris Jhonson, pòt pawòl prezidan ameriken an Jen Psaki, chèf diplomatik ewopeyèn lan Josep Borell ak plizyè lòt toujou.
Echo Jounal