AYITI/ASASINAY JOVENEL MOÏSE : PHTK KONDANE AK TOUT FÒS LI ZAK ASASINAY KI FÈT SOU JOVENEL MOÏSE AK MADANM LI

Nan yon nòt pou laprès pati ayisyen tèt kale ( PHTK) mete deyò  mèkredi 7 jiyè 2021 an, yo kondane atak ki fèt sou koup prezidansyèl la nan lannuit 6 pou bout 7 jiyè 2021 pandan yo te lakay yo kote prezidan repiblik la pèdi lavi li epi premye dam nan soti blese._

« PHTK te aprann avèk anpil doulè zak asasinay ki fèt sou prezidan repiblik la, Jovenel Moïse ak madanm li premye dam Martine Moïse ki blese grav, apre yon atak ame sou rezidans prive yo nan nwit 6 pou rive 7 jiyè 2021″, li nan nòt pou laprès la.

Pati ayisyen tèt kale kondane zak sa. » PHTK kondane ak tout fòs li zak sasinay lach sila, anvan fen manda yon prezidan ki te eli demokratikman sou banyè PHTK nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 yo. »

« Se ak anpil lapèn PHTK koube tou ba pou li prezante kondoleyans sensè li bay fanmi ak zanmi prezidansyèl la. Li prezante kondoleyans li bay manm, militan ak senpatizan mouvman tèt kale ki gen doulè ak lapenn nan moman sa a.

PHTK ankouraje aktè politik yo ak fòs viv nasyon an pou yo fè prèv sajès pou yo mete tèt ansanm pou travay pou demen miyò pou pitit fi ak pitit gason Ayiti cheri nou an »,  daprè sa ki ekri nan nòt la.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …