AYITI/ EKONOMI : « ADMINISTRASYON PIBLIK LA AK KOMÈS P AP CHOME PANDAN 15 JOU DÈY AK ETA SYÈJ LA », DAPRÈ LAPRIMATI

Nan yon nòt yon kominike sekretarya jeneral laprimati a mete deyò jounen 8 jiyè a, yo anonse ak popilasyon an administrasyon piblik la ak komès pap chome pandan 15 jou dèy ak eta de syèj la._

« Administrasyon piblik ak komès pap chome pandan 15 jou dèy ak eta de syèj la soti 7 pou rive 22 jiyè 2021 gouvènman an dekrete a apre asasina krapile prezidan Jovenel Moïse », li nan kominike a.

 » Nan sans sa, ajan piblik yo nan tout nivo e gad dwe retounen nan pòs yo. Piblik la bo kote pa li, li mèt ale nan aktivite li jan sa te konn abitye fèt chak jou », kontinye kominike a.

Kominike sekretarya jeneral laprimati a fè konnen fòs lòd yo ap kontinye pran tout dispozisyon nesesè pou ranfòse e garanti sekirite piblik la.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …