AYITI/ EDIKASYON: EGZAMEN OFISYÈL YO REPÒTE AKOZ ASASINAY CHÈF LETA.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), fè konnen yo repote dat egzamen ofisyèl klas nevyèm (9eme) ane fondamantal yo.

Egzamen ofisyèl klas nevyèm yo ki te prevwa reyalize lendi douz (12) jiyè 2021 an, repòte pou dat dis nèf (19) pou rive venteyen (21) jiyè k ap vini la, egzamen ofisyèl lekòl nòmal enstitè ( ENI) ak sant edikasyon familyal (CEF) ap fèt nan dat dis nèf (19) pou rive ven twa (23) jiyè 2021 an, egzamen bak inik ou byen filo ap fèt sòti ven sis (26) pou rive ven nèf (29) jiyè epi egzamen antisipe egzamen fransè klas nouvo segondè twa (NS3) ap fèt trant jiyè 2021.

Nou ap siyale, desizyon ki pran pou avanse dat egzamen ofisyèl yo vini akoz lanmò ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan dat aswè madi sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …