Nan yon entèvansyon Steeven Benoît fè jounen vandredi 9 jiyè a nan maten sou radyo magik 9, Steeven Benoît deklare se ajan sekirite Jovenel Moïse yo ki touye li, men se pa kolonbyen yo._
Alòske Lapolis nasyonal Dayiti gentan mete anba kòd plizyè kolonbyen yo prezante kòm prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse, Steeven Benoît bò kote pa li kwè se pa kolonbyen yo ki touye ansyen chèf Leta a.
« Se pwòp ajan sekirite Jovenel Moïse yo ki asasinen li, men se pa kolonbyen yo », deklare ansyen senatè lwès la, Steeven Benoît.
Ansyen kandida pou pòs prezidan an mande DG PNH la pou li sispann ak amalgam sa pandan li prezante kolonbyen yo kòm yon pakèt »kontraktyèl Leta ayisyen.
Daprè Claude Joseph, nèg ak zam asasinen Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan rezidans prive li ki chita kò li nan pèleren.
Echo Jounal
Kredi foto:twitter