AYITI/ASASINA: CLAUDE JOSEPH PALE NAN TELEFÒN AK PREZIDAN PEYI KOLONBI A.

_Nan yon nòt laprimati fè soti jounen vandredi 9 jiyè a, yo fè konnen premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph pale nan telefòn ak prezidan kolonbyen an, Iván Duque._

« Premye minis Claude Joseph sot pale nan telefòn ak prezidan kolonbyen an, Iván Duque », daprè sa ki ekri nan nòt primati a.

« Prezidan kolonbyen an pwomèt chèf gouvènman ayisyen an peyi li ap bay tout kolaborasyon posib nan avansman ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la », daprè nòt la.

Daprè otorite lapolis nasyonal Dayiti yo, gen anpil kolonbyen ki gen non yo site kòm prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …